Ou Bezwen Èd pou Peye pou PrEP? Rele Pwogram Èd Pwofilaksi Anvan Moun Ekspoze (Pre-Exposure Prophylaxis Assistance Program) PrEP-AP nan nimewo 800-542-2437. Èske Ou Pa Gen Asirans oswa Èske Ou Pa Gen Ase Asirans? Pwogram Èd PrEP (Assistance Program, PrEP-AP) Pwogram Èd pou Pwofilaksi anvan Moun Ekspoze (Pre-exposure Prophylaxis Assistance Program, PrEP-AP) NYSDOH ap peye pou randevou medikal yo ak sèvis laboratwa yo pou PrEP si ou pa gen asirans oswa si ou pa gen ase asirans. Men, ou dwe resevwa sèvis yo nan klinik yon pwofesyonèl swen sante PrEP-AP ki enskri. Rele PrEP-AP Pwogram pou Swen Sante pou Moun ki Gen VIH men ki pa Gen Asirans (HIV Uninsured Care Programs PrEP-AP) nan nimewo 1-800-542-2437. Pou jwenn lòt enfòmasyon sou PrEP, ansanm ak yon anyè pwofesyonèl swen sante ki preskri PrEP, pwofesyonèl medikal ki patisipe nan pwogram PrEP-AP ak resous pou peye pou PrEP, rele 1-800-541-AIDS Anglè, 1-800-233-SIDA Panyòl oswa ale sou sitwèb www.health.ny.gov/PrEP 9013 (Haitian Creole) 9/15
© Copyright 2026 Paperzz